Vi'n Jwenn Ak Nou

Nan Matye 28:18-20, Jezi di pou nou fè disip pou li epi pou nou aprann yo obeyi. Pou rezon sa a nou dwe byen anrasine nan Pawòl Bondye epi nou dwe kite Lespri Bondye gide nou. Pandan n'ap fè tout sa Bondye pèmèt nou fè pou nou akonpli misyon sa a, lavi moun ki vrèman kwè nan Kris ap transfòme espirityèlman epi sosyalman pa mwayen pwisans Pawòl Bondye a.

Orè Legliz La

Ansèyman biblik: Dimanch 9:30am - 10:30am
Sèvis adorasyon: Dimanch 10:45am - 12:45pm
Etid biblik: Vandredi 5:30pm - 6:30pm
Sèvis priyè: Samdi 6:30am - 7:30am
Ministè dam yo: Samdi 6pm - 7pm
Ministè jènn ak timoun yo: Samdi 5pm - 6pm