Kilès Nou Ye

Legliz Sinayi Batis Ayisyen se premye legliz Ayisyen ki te fonde nan Roanoke, Virginia. Legliz sa a te kòmanse avèk pastè Castin Mesadieu kòm fondatè li. Nan jou ki te 26 jen 2022 li te transfere lidèchip legliz la bay yonn nan kolaboratè li yo ki se pastè Ronald Maurice. Misyon nou se toujou preche e aji sou Pawòl Bondye pou nou kapab mennen plis disip bay Kris.

Pandan n'ap preche Levanjil la, nou vle kapab pote sipò bay moun nan kominote a, espesyalman sa yo ki nan bezwen. Nou vle kapab pote sipò lè gen dezas natirèl. Nou vle kapab pote sipò bay fanmiy ki nan bezwen k'ap viv an Ayiti ak lòt peyi.

Aktyèlman, kongregasyon nou an ap grandi, e nou bezwen yon espas ki pi laj pou nou adore. Nou vle konstwi yon legliz ki gen ase espas. Nan sans sa a, n'ap byen kontan resevwa donasyon oubyen don finansye. Nou se yon 501(c)(3) nonpwofi òganizasyon relijyez. Sivouplè, sipòte nou nenpòt fason ou kapab!

Vi'n Jwenn Ak nou

Nan Matye 28:18-20, Jezi di pou nou fè disip pou li epi pou nou aprann yo obeyi. Pou rezon sa a nou dwe byen anrasine nan Pawòl Bondye epi nou dwe kite Lespri Bondye gide nou. Pandan n'ap fè tout sa Bondye pèmèt nou fè pou nou akonpli misyon sa a, lavi moun ki vrèman kwè nan Kris ap transfòme espirityèlman epi sosyalman pa mwayen pwisans Pawòl Bondye a.