Vi'n Adore Seyè a

Nan Matye 28:18-20, Jezi di pou nou fè disip pou li epi pou nou aprann yo obeyi. Pou rezon sa a nou dwe byen anrasine nan Pawòl Bondye epi nou dwe kite Lespri Bondye gide nou. Pandan n'ap fè tout sa Bondye pèmèt nou fè pou nou akonpli misyon sa a, lavi moun ki vrèman kwè nan Kris ap transfòme espirityèlman epi sosyalman pa mwayen pwisans Pawòl Bondye a.

Lè pou sèvis yo

4328 Salem Turnpike NW, Suite 3
Roanoke, VA 24017
Ansèyman biblik: Dimanch 9:30am - 10:30am
Sèvis adorasyon: Dimanch 10:45am - 12:45pm
Etid biblik: Vandredi 5:30pm - 6:30pm
Sèvis priyè: Samdi 6:30am - 7:30am
Ministè dam yo: Samdi 6pm - 7pm
Ministè jènn ak timoun yo: Samdi 5pm - 6pm

Sipòte Travay Bondye

2 KORENT 9:7
Se pou chak moun bay jan yo te deside nan kè yo, san yo pa regrèt anyen, san moun pa bezwen fòse yo, paske Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan.

Sa fè anpil tan depi n'ap kolekte fon pou bati yon tanp pou sèvis Seyè a, men nou pako kapab kolekte ase. Malgre sa, nou pap abandone. Nou kwè Bondye ap pèmèt pwojè sa a reyalize. Yon kote ki gen ase espas ap pèmèt nou mennen aktivite ministè a pibyen. Mèsi pou kontribisyon ou bay. Se pou Bondye ki gen tout pouvwa beni ou anpil!

Donasyon

Cash App
zelle
PayPal

Pandan n'ap preche Levanjil la, nou vle kapab pote sipò bay moun nan kominote a, espesyalman sa yo ki nan bezwen. Nou vle kapab pote sipò lè gen dezas natirèl. Nou vle kapab pote sipò bay fanmiy ki nan bezwen k'ap viv an Ayiti ak lòt peyi.

Aktyèlman, kongregasyon nou an ap grandi, e nou bezwen yon espas ki pi laj pou nou adore. Nou vle konstwi yon legliz ki gen ase espas. Nan sans sa a, n'ap byen kontan resevwa donasyon oubyen don finansye. Nou se yon 501(c)(3) nonpwofi òganizasyon relijyez. Sivouplè, sipòte nou nenpòt fason ou kapab!

Adrès

4328 Salem Turnpike NW, Suite 3
Roanoke, VA 24017
Phone: (540)647-2191
Email: info@haitiansinaibaptistchurch.org
Web: www.haitiansinaibaptistchurch.org



Pastor Ronald Maurice
(540) 397-9851

Kontakte Nou

Ekri non ou ankò